Warning: preg_replace(): The /e modifier is no longer supported, use preg_replace_callback instead in /home/www/theawarenegro.com/wp-content/plugins/covertsocialbuzz-pro/CSSmin.php on line 324

Warning: preg_replace(): The /e modifier is no longer supported, use preg_replace_callback instead in /home/www/theawarenegro.com/wp-content/plugins/covertsocialbuzz-pro/CSSmin.php on line 328

Warning: preg_replace(): The /e modifier is no longer supported, use preg_replace_callback instead in /home/www/theawarenegro.com/wp-content/plugins/covertsocialbuzz-pro/CSSmin.php on line 340

Extraits du documentaire de Ousmane William MBAYE: "KEMTIYU Séex Anta – Cheikh Anta"

Share it with your friends Like

Thanks! Share it with your friends!

Close
0
0
0
0
0
0
0
0
0
0
or copy the link

Sa se mòso nan yon kokenn chenn dokimantè Ousmane William MBAYE @Fopica1 (Direction de la Cinématographie du Sénégal – officiel) sou syantis lengwis militan anti kolonyal senegalè Kemtiyu Séex Anta Diop k ap enspire Inisyativ MIT-Ayiti a. Kòm lengwis, kòm syantis kòm edikatè e kòm aktivis militan dekolonyal, Cheikh Anta Diop te pase yon gran pati nan vi l nan goumen kont entelektyèl kolonize fransize “deserebre” tankou Léopold Sédar Senghor. An n koute pawòl sa yo byen wi, epi an n mande tèt nou ki kalte entelektyèl nou pi plis bezwen pou Ayiti Nou Vle A — Diop oswa Senghor? Paske konba Cheik Anta Diop la genlè se te yon konba Vètyè tou, yon konba pou dezonbifye moun nwa ki kolonize. Se menm kalte konba sa a nou bezwen pou n kraze chenn mantal sa yo k ap kenbe Ayiti ak lòt peyi sid yo nan esklavaj entelektyèl e nan lamizè. Rèv Cheikh Anta Diop se te pou jèn Afriken sèvi ak lasyans pou yo bati nasyon endepandan ki byen chita sou patrimwàn lengwistik ak kiltirèl yo. Nou menm ann Ayiti, nou ka reyalize rèv sa a tou. Tanpri, an n analize pledwaye, analiz ak travay Cheikh Anta Diop nan peyi Senegal. N ap jwenn pi plis enfòmasyon sou fim Kemtiyu Séex Anta nan sit sa a: http://www.africine.org/?menu=film&no=17932 .

Extraits du documentaire “:KEMTIYU SéeX — Cheikh Anta” de Ousmane William MBAYE (@Fopica, Direction de la cinématographie sénégalaise) sur le scientifique militant anti-colonial Cheikh Anta Diop—un de ces géants qui ont inspiré l’Initiative MIT-Haïti. En tant que linguiste, scientifique, éducateur et militant décolonial, Cheikh Anta Diop a passé une grande partie de sa vie à lutter contre les intellectuels colonisés “decérebrés” comme son compatriote Léopold Sédar Senghor. Écoutons attentivement Cheikh Anta Diop et demandons-nous quelles qualités intellectuelles sont les plus nécessaires pour Haïti. Parce que ce combat de Cheik Anta Diop était aussi un combat de Vertières, un combat pour se décoloniser. C’est de ce même combat qu’on a besoin pour briser ces chaînes mentales qui maintiennent Haïti et d’autres pays duSud dans l’esclavage intellectuel et le sous-développement. Cheikh Anta Diop incitait les jeunes Africains à utiliser la science pour bâtir des nations indépendantes fières de leur patrimoine linguistique et culturel. Nous aussi en Haïti devons réaliser ce rêve. Analysons le plaidoyer, les analyses et les travaux de Cheikh Anta Diop au Sénégal.

Comments

Write a comment

*